LaKay Magazine

Health

Kisa H1N1 ye ?

Flou se yon maladi nan sistèm respirasyon kò a, tankou nan nen, nan gòj epi nan poumon. Se yon nouvo

viris, ke n rekonèt pou premyefwa nan mwa avril 2009, ki bay flou H1N1, e yo te rele l « grip pòsin ». Flou

H1N1 a pwopaje vit plizyè kote sou latè e kounye la li yon « pandemik », oubyen yon pwoblèm mondyal.

Flou H1N1 pa menm ak grip pòsin, ki limenm yon viris kochon ka genyen. Li pa menm ak flou « sezon » ki

parèt chak lane, nan sezon ivè epi nan kòmansman sezon prentan. Men flou H1N1 a bay senptòm ki egal ak

senptòm flou sezon an, li pwopaje tankou flou sezon, e l ka anpeche menm jan ak flou sezon.

Ki senptòm flou H1N1 bay ?

Prèske pa gen okenn diferans ant senptòm flou H1N1 yo ak senptòm flou sezon. Senptòm moun pi plis

genyen se fyèv, tous ak malgòj. Lòt senptòm ka kò fè mal, maltèt, frison, nen k ap koule epi gwo fatig. Pifò

moun gen dyare ak vomi tou. Senptòm ka la pandan plizyè jou pou jis yon semèn ou plis.

Èske flou H1N1 grav ?

Maladi flou H1N1 ka nenpòt pa grav jis li ka grav anpil. Kwak pifò moun ki soufri flou H1N1 refè san

okenn tretman medikal, gen kèk moun ki ka malad anpil epi ki ka mouri tou. Tankou flou sezon, gen kèk

moun ki gen plis chans pou yo gen gwo pwoblèm medikal lè yo trape flou H1N1 an. Moun sa yo ka fi

ansent, tibebe ak moun ki gen kèk soufrans tankou opresyon, sik, maladi kè, maladi ren, pwoblèm nan misk

oubyen nan nè ki anpeche yo respire byen epi ki febli sistèm iminitè yo.

Ki jan flou H1N1 pwopaje ?

Viris flou a nan ti gout likid (tankou ti gout krache ak flèm) ki soti nan nen epi nan bouch moun ki touse

oubyen estènye. Si w pre yon moun ki gen flou (ant 3 ak 6 pye) lè yo touse oubyen estènye, epi lè w respire

ou ka rale yon ti gout viris la k ap fè w malad apresa. Senptòm flou kòmanse 1-4 jou (apeprè 2 jou) apre yon

moun respire viris la.

Flou a pwopaje fasil sou moun. Viris la rete aktif pandan yon ti tan sou bagay ou manyen tankou manch pòt,

telefòn ak jwèt. Apre ou manyen bagay sa yo, li posib pou w trapre viris la lè w manyen bouch ou, nen w

oubyen zye w. Sepandan, lè ti gout mouye ki sou bagay yo chèch, viris la pa ka bay okenn enfeksyon. Adilt

ki gen flou H1N1 an ka pwopaje li bay lòt moun depi yon jou anvan senptòm yo kòmanse jis yon semèn

apre. Timoun ka pwopaje flou a plizyè jou apre yo kòmanse malad.

Ki tretman ki gen pou flou H1N1 an ?

Gen medikaman disponib ke doktè a ka preskri w pou tretman flou H1N1 an. Medikaman sa yo pi bon si w

kòmanse pran yo depi lè senptòm yo kòmanse. Doktè a ka detèminen si w bezwen resevwa tretman.

Moun ki

Web Hosting Companies